\ ;

Mizajou/Efase modpas ki anrejistre

Modified on Thu, 21 Dec, 2023 at 3:42 PM

Si w gen pwoblèm pou konekte nan aplikasyon oswa sou sit wèb tankou ADP malgre w ap itilize modpas ki kòrèk la, sa ka rive paske yon ansyen modpas estoke nan memwa òdinatè w lan oswa telefòn ou epi aplikasyon/sit entènèt la otomatikman ranpli ansyen modpas ou a.


Aksè sou aparèy mobil

Nan motè rechèch ou an (chrome, safari, google) ale nan kote pou tape pou fè rechèch la epi tape "Google Password Manager" pou jwenn kote Google estoke non itilizatè w ak modpas ou anrejisatre yo. Sa a pral mennen w nan paj  Password Manager a, konekte nan kont Google ou si w pa deja konekte.


Tout sit entènèt ki gen modpas ou te anrejistre atravè Google ap parèt la.



Klike sou aplikasyon/sit entènèt ou ta renmen mete ajou a, ou ka swa 'Delete' modpas la ki anrejistre oswa 'Edit' modpas la pou w ranplase l ajou ak nouvo a. 

Si w chwazi modifye modpas ou, antre modpas ou gen kounye a epi klike sou 'Save'.


Aksè sou òdinatè biwo:

Nan kote pou w tape pou fè rechèch la tape "Google Password Manager" pou jwenn kote Google estoke non itilizatè ak modpas ou anrejistre yo.

Sa a pral mennen w nan paj  Password Manager a, konekte nan kont Google ou si w pa deja konekte.


Tout sit entènèt ak modpas ou te anrejistre atravè Google ap parèt la.


Klike sou sit entènèt ou ta renmen mete ajou a: swa Delete modpas ki anrejistre a oswa modifye modpas la pou ranplase l ak nouvo a.

Si w chwazi modifye modpas ou, antre nouvo modpas w ap itilize kounye a epi klike sou 'Save'.


Si w gen kesyon anplis sou efase ansyen modpas nan òdinatè w lan oswa nan telefòn ou, tanpri Soumèt yon Tikè. 

Was this article helpful?

That’s Great!

Thank you for your feedback

Sorry! We couldn't be helpful

Thank you for your feedback

Let us know how can we improve this article!

Select at least one of the reasons
CAPTCHA verification is required.

Feedback sent

We appreciate your effort and will try to fix the article